Estrateji nou an defini vizyon, objektif ak bi WASH mondyal nou yo jiska 2025.
Vizyon
Fanm, gason ak timoun ki afekte pa katastwòf, konfli ak enpak chanjman klimatik yo pral gen aksè a sèvis WASH ki an sekirite, apwopriye e ki gen bon kalite, ki pèmèt yo diminye risk sante piblik la yon fason diy. Popilasyon ki afekte a ki nan yon sitiyasyon vilnerabilite ki pi wo pral patisipe aktivman, pou enfliyanse repons Oxfam ak patnè yo pou satisfè bezwen WASH espesifik yo atravè yon apwòch angajman kominotè.
Objektif
Oxfam ap kontinye jwe yon wòl enpòtan nan sektè WASH imanitè a, li ap demontre repons ijans rapid ak kalite siperyè ki reponn a bezwen kominote yo sou yon gwo echèl. Oxfam gen pou objektif kontinye enfliyanse sektè WASH la avèk prèv pwogramasyon efikas ki sipòte rezistans kominote yo nan kontèks ki gen tandans fè dezas ak frajil epi ki amelyore kapasite nasyonal la pou diminye (oswa bese) risk sante piblik yo atravè sèvis WASH amelyore pou moun ki nan sitiyasyon (oswa pozisyon) oswa vilnerabilite ki pi grav.
